vendredi 5 février 2016

Nati pa chanje

Nati pa chanje

Gade w’ byen pou w’ wè si w’ t’ap janm sa yo te vle w’ ye a. Gade w’ nan glas pou ou wè jan ou enfrenyan. Yo te ka abiye w’, men ou t’ap janm chanje nati w’. Nati w’ p’ap janm chanje. Sosyete a ka fagote w’, fasone w’ men li p’ap janm ka chanje sa w’ ye a. Chen p’ap janm chat, kòchon p’ap janm fòk, kabrit p’ap janm ka bèf, kòdenn p’ap janm ka pan, kannan p’ap janm ka zwa, se konsa tou kaw (kòbo) p’ap janm ka èg.
Manman w’ te toujou di m’ ke tèt kanna pa monte tab, paske l’ te konnen ke kanna antre nan tout ma labou, anba fal li pa janm pa mouye. Men jodi a, nan sosyete pa nou an, nou pa bay tout vye bèt chans pou yo ta vin louvri zèl yo tankou pan anba solèy. Nou bliye ke tout sa ki briye pa lò e p’ap janm lò. Nou toujou fèmen je nou pou nou pran kaka poul pou ze. Mwen konnen kòdenn mèt fè sa li vle, gonfle, louvri zèl li, li p’ap janm ka pan.
Lè w’ pran yon zonbi k’ap mache tèt bese, ou fè pase wòb pè sou tèt li pa panse ke l’ap janm tounen yon moun nòmal. Nou toujou ap repete nan sosyete a, nan langaj nou, bòs vann zouti li pa vann metye, larivyè pa janm bliye pas (wout) li ; men nou pa janm aplike tout parabòl sa yo. Sa fè nou toujou tankou yon bann zonbi, y’ap manipile. Yon bann zonbi ki toujou ap leve kouri adwat agoch, k’ap cheche lavi byen lwen pandan n’ap detwi pwòp lavi ke Bondye bay nou.
Grann mwen te toujou konn di m’ ke bourik mawon mèt te nan mitan la sosyete, ou te mèt abiye l’ depi midi rive l’ap ranni kanmenm. Paske nati l’ se bourik mawon, sa ki fè l’ bourik mawon an menm se ke depi li midi fòk li ranni. Jodi a nou tout wè sa ki pase, nou dwe pran konsyans pou nou pa janm bay vakabon chans, kòmkwa n’ap pran chans. Vakabon p’ap janm pa vakabon ; malandren p’ap janm pa manlandre, kòchon kamyon p’ap janm pa kòchon kamyon. Vakabon, malandren, se kleren sa bwè, deranje vwazinaj, bat madanm yo, dòmi nan kafe, akote disko.
Fòk nou sispann mete pantalon blan sou kòchon pou nou mennen l’ pami la sosyete, paske lè l’ souke kò l’ l’ap sal tout moun. L’ap monte sou tout moun, e l’ap raboure tout sa li jwenn akote paske nati l’ se raboure. Se labou ki fè l’ byen.
Jodi a nou pran kaw (kòbo) pou nou fè l’ vole nan menm nivo ak èg ; men nou bliye ke kaw pa janm ka èg, gen yon nivo li monte l’ap toudi e oblije redesann pou li ap poze sou pye palmis pou li beke grenn palmis. Si jodi a jaden mayi nou ravaje, se paske nou mete kaw nan plas èg ; si poul nou pa ka rete nan lakou nou se paske nou kwè malfini te ka devni èg, si pye bwa nou yo pike se paske nou te kwè ke zwazo sèpantye te ka ranplase toutrèl ; si pitit nou ap sote nan dòmi se paske nou te kwè ke koukou, frize t’ap ka devni chwèt. Si nou tout nan kouri se paske li midi ebyen bourik mawon nou te mande a ap ranni, e si tout moun nan sosyete a sal se paske nou te abiye kòchon pou nou mennen l’ nan fèt.
Me Princelet Deshommes, Le Missionnaire
princeletdeshommes.blogspot.com
facebook.com/Princelet Deshommes

Aucun commentaire: