jeudi 23 août 2012

Ayiti dabò
Jodi a, sitiyasyon peyi a, ayiti, grav anpil. Yonn nan rezon ki rann sitiyasyon an pi grav se ke pa gen aktè k’ap fè efò pou chanje sitiyasyon yo. Se yon seri de moun ki pa gen lanmou pou peyi a, pou pèp, men ki sèlman kwè ke apre vi isit la, y’ap jwenn yon mèyè vi lòt bò dlo. Yo pa kwè nan envèsti nan pwoblèm edikasyon, sante, lavi chè, bidonvil, pwòpte… pou yo rezoud yo. Yo plis kwè nan voye piti yo lòt bò dlo ale etidye, men malerezman pou yo se kèk grenn ki tounen bon ; anpil nan yo devni delenkan, dwoge, kriminèl. Yo prefere peye frè avyon ak asirans sante yo pou ale pran sante nan peyi etranje, men malerezman anpil nan yo konn mouri nan avyon, konn rive twò ta. Yo pito ale lwen, monte gwo miray pou fè gwo chato tan pou yo ta rezoud pwoblèm bidonvil la ; men tou malerezman nou wè bidonvil yo konn rapouswiv yo epi chato ak bidonvil fè yon sèl pou fòme yon gwo bwat fatra. Yo achte gwo machinn gwo rou 4x4 pou yo woule nan vye wout yo, men yo bliye le yo pral pran avyon se nan yo yo pase, lè yo kole nan labou a ou wè se yon gwo kochon k’ap benyen nan yon gwo ma labou.


Mwen gen pwoblèm ak anpil moun k’ap pran pou referans pouvwa pase yo ke yo konn kritike, tankou nèg ansyen militè yo, pouvwa Aristid, Préval, Boniface e lòt avan. Nou pa ka ap pwone chanjman pandan n’ap pran maleng pase yo kòm sant referans pou nou jistifye sitiyasyon actyèl peyi a. Nou pa ka ap di ke gouvènman pase yo pa te fè anyen e ke si Michel Martelly paf è tou sa pa grav. Si n’ap pwone chanjman, fòk nou serye ; se paske sa ki pase yo pa te fè ki fè ke n’ap fè chanjman jodia. Si non, nou t’ap pale de menm bagay la (kontinye).

Mwen p’ap poze pwoblè Michel Martelly ni Laurent Salvador Lamorthe, m’ap poze pwoblèm peyi m’. Dayè mwen pa gen pwojè ale viv nan lòt peyi kote bonm ap eksplze tout jounen, kote yo vote lwa pou fanm ak fanm, gason ak gason marye. Paske Bondye gen pou detwi yo talè konsa tankou Sodam ak Gomo. Mwen pa bezwen konnen pozisyon politik ou, ni ki kote w’ap debwouye w’ ; mwen jis vle mande w’ pou nou panse a peyi a. Panse a demen, a jenès la, a sa k’ap vini nan 10, 20 lane ankò.

Pa di Aristid pa te fè, Préval pa te fè, X, Y pa te fè ; sa vle si Michel Martelly, Lamorthe pa fè se pa grav paske tout sa ki pase yo se menm bagay la. Si se konsa, n’ap toujou rete nan sitiyasyon bèt. Sa ki gen ap gen plis, sa ki pa gen ap pi mal. Ke ou te Martelly, ke ou pa te Martelly se mete men nou ansanm pou fòme yon Sosyete Sivil pou fòse Leta, gouvènman an amelyore sitiyasyon nou. Se pa yon Sosyete prive kote chak moun ap defann enterè mesken e pèsonèl yo, k’ap fè koudeta,dechoukay, k’ap pwofite lè gouvènman tonbe pou ale piye, vole, kase kay moun ; men se yon Sosyete Sivil kote nou tout ap defann menm enterè pou nou jwenn yon minimòm pou peyi a, pou piti li, pou jenès la.

O mwen, yon ti bagay pou pepy, pou pèp la.

www.princeletdeshommes.blogspot.com
Ayiti dabò