samedi 28 juillet 2012

IMMORALITE DANS L'HUMANISME

Mwe pa vle fye rimè k’ap sikile nan moman an ki ta fè konprann ke Repiblik Dominikèn ta bay nou, Ayisyen, manje kaka nan salami, puiske mwen pa gen okenn prèv ; men tou mwen pa ekate posiblite pou sa ta fèt vrèman. Mwen pa ka avanse chif, ni tou mwen pa an mezi, pou m’ ta di me a konbyen edikasyon nou depan de Repiblik Dominikèn, a konbyen manje depan de li tou ; men sa mwen si de li sè ke Repiblik vwazin lan rèsponsab manje nou an gran pati. Mwen kwè Fernandez te di l’ nan deklarasyon l’, menm si mwen pa gen dat, « Mwen gen de pèp pou m’ edike e nouri. »


Sa pa te janm fè otorite nou yo ni cho ni frèt, mwen ka menm di ke yo te twouve l’ nòmal.

Si Dominiken ta bay nou manje kaka nan salami, mwen p’ap etone, puiske mwen konnen teknoloji a ap avanse, la syans ap pwogrese. Mwen te abitye ale Dajabon pou m’ rankontre ak bò pè m’ ki te konn prefere vini jwenn mwen lè l’ gen kòb ak lòt bagay l’ap voye pou manman m’. Gen anpil bagay ke te konn asiste a yo ki revòlte e ki fè mwen pa janm mete pye la ankò.

« Se ak dlo nan je ke m’ t’ap asiste a konbyen machandiz k’ap soti Repiblik Dominikèn pou rantre an Ayiti, lakay nou ; epi sibitman yon ti gran moun fanm, ke m’ estime ki te ka nan laj 60 lane konsa, ale tante pase ak yon ti kivèt ki gen anviwon 3 gode diri konsa pou ale vann lòt bò fwontyè a, Repiblik Dominikèn ; Sòlda dominiken yo pran diri a yo jete l’ nan rivyè a, yo kraze kivèt la e yo pouse gran moun lan fè l’ tounen. Sòlda nou yo, UDMO yo, pa di anyen. Mwen gen enpresyon yo ta kale gran moun lan mete sou li tou. »

Mwen wè kòman yo imilye ayisyen lòt bò a, kòman yo maltrete yo, yo touye yo tankou zannimo ki nan bouchri, yo vyole yo, yo rache yo, malgre tou anyen pa janm fèt.

Mwen konsatate ke lè Dominiken fè nou yon bagay mal, sa konsidere kòm divòsyon pou otorite, politisyen Ayisyen nou yo pou fè gagòt. Mwen gen enpresyon yo ta menm gen anvi ale mande Dominiken padon. Tankou yon pè Ayisyen te di l’, mwen pa sonje non li, « Se pou ayisyen ta mande Repiblik Dominikèn padon paske yo te oze okipe l’ pandan 21 lane. »

Pa gen anyen ki di poul n’ap manje ki soti lòt bò fwontyè a se pa ravèt, vè de tè ak lòt vye bèt ki kale yo. Sa pa enposib dayè. Ze yo kapab se bagay yo fè nan kouvez.

Dominiken yo bay nou poul la sou tout fòm. Yo bay nou poul la vivan, ze yo, do a, zel yo, kou yo, pye yo, kis yo, kè poul la. Pa gen anyen tou ki di ze an poud nou t’ap manje a se pa kaka poul la. Dominiken yo vann nou mori, yo vann nou zo mouri a e nou achte l’. Moun yo di l’ap bay sòs la gou.

Si orite yo ta mete an tèt ke si salami an ta fèt ak kaka e ke yo menn yo pa abitye manje l’, mwen konnen gen anpil nan yo ki kontan e k’ap di « MWEN PAPA, M’ PA ABITYE MANJE L’ », eben yo manje ze a, mayonèz, sòs tomat, èspageti, makawoni e tout lòt bagay ki soti Repiblik Dominikèn.

Mwen kwè ke otorite Ayisyen ak tout pèp la dwe pran yon desizyon fèm a sitiyasyon sa a, si se ta vre. Li lè li tan pou nou pwouve ke nou se Ayisyen tout bon e ke nou pa rejè Ayisyen. Ça veut dire que c’est nous qui avons fait l’hégémonie de la race noire, premier peuple noir indépendant aux yeux du monde, deuxième peuple libre et indépendant de l’Amérique. Je ne veux plus en dire trop.

JE SUIS HAITIEN, JE RESTERAI HAITIEN ET JE SUIS HONNETEMENT ET IMMODEREMENT FIER D’ETRE HAITIEN.

Visitez : www.princeletdeshommes.blogspot.com

Aucun commentaire: